Haitian

Nan MENTOR Adult Day Health, granmoun aje yo ak lòt granmoun yo ki gen bezwen medikal oswa bezwen re-adaptasyon kapab fè zanmi epi resevwa sipò yo bezwen chak jou pou yo kontinye viv endepandan nan kominote yo rele kay yo. Ekip bileng nou an (ki pale 2 lang) bay sèvis pou satisfè bezwen chak moun n ap sèvi, tankou manje ak aktivite pou manm katye nou yo ki pale anglè.

Ekip chalere nou an resevwa fòmasyon espesyal nan sipòte granmoun aje ki gen anpil kalite bezwen, tankou maladi foli, chòk nan sèvo, andikap pou aprann ak andikap pou devlope, ak maladi kwonik tankou dyabèt, ipè tansyon ak COPD (ki se Twoub Pilmonè Obstriktif Kwonik).

Sèvis Nou yo

  • Plan swen endividyèl
  • Jesyon dosye
  • Swen enfimyè
  • Aktivite lwazi tankou boza ak mizik
  • Manje ki bon pou sante epi ki gen bon gou
  • klas egzèsis fizik
  • Reyabilitasyon
  • Ekip enfimyè ki gen anpil eksperyans
  • Sèvis transpò

 

Locations

Brockton ADH Center
764 N. Main Street Brockton, MA 02301
P: 508-897-0600
Fortus Center
25 Christy's Drive, Brockton, MA 02301
P: 508-586-2222 | F: 508-586-2212
Greater Boston Center (Kay Pam)
6 Livingstone Street, Dorchester, MA 02124
P: 617-514-6340
La Source Center
263 Commercial Street, Malden, MA 02148
P: 781-605-1943
Paradi Ayisyen Center
583 Centre Street, Brockton, MA 02302
P: 508-232-3611
Sant Belvi Center
6 Frontenac Street, Dorchester, MA 02124
P: 617-288-4155